Translation

Search This Blog

Blog Archive

Sunday, February 28, 2016

LAPRIYÈ PA JANBE LANMÈ

Li fè lesyèl sou latè
Lanmou se limyè
Lavi se Lamitye
Lanmou se libète’n

Ou se loa Damballah
Ki danse nan tèt mwen
Ou di’m metrès Erzulie
Ki vin posede lespri ou


Lèt ki koule nan myèl mwen
Lapli ki mouye jaden mwen
Chak fwa nou di dènye fwa
Se tankou premye chwa’w


Nou pa konn kilè ni kijan
Sa komanse pou nou rive la
Souvan silans ou fè’m rayi’w
Ou mande’m padon ke ou ale


Leve domi nou wè nou la toujou
Plizyè jou deja pase tan yo long
E wi nou la san atann anyen
Gade nan ou w’ap konn poukisa


No comments:

Post a Comment